AYITI/ SEKIRITE: LAPOLIS FOUKE YON GANG NAN 400 MAWOZO

Lapolis Nasyonal Dayiti anonse, jounen samdi 22 janvye a, li mete anba kòb nan komin kwadèboukè Chouby Fenelon ki gen lòt non ki se Youri Fenelon, manm aktif gwoup gang 400 mawozo a. Fòs lòd yo fè konnen yo mete men nan pat kasav prezime bandi a nan moman li ta pral resevwa swen nan lopital.

« Manm enfliyan gwoup gang 400 mawozo, Youri Fenelon te blese nan afwontman ant akolit li yo ak Lapolis nan yon operasyon plizyè inite nan Lapolis te mennen nan dat mèkredi 19 janvye 2022 a. Youry Fenelon idantifye kòm konplis ka anlèvman ak asasina », enfòme Lapolis Nasyonal Dayiti.

Fòs lòd yo enfòme yo mete anba kòd Kesnel Noel, papa chèf gang Wendy Charles alyas ti pastè ki chita kò l nan zòn micho/kanye nan rantre bèlkay.

Yon lòt kote, moun pa janm sispann mouri Matisan akoz batay nèg ak zam. Premye minis defakto Ariel Henry ak Frantz Elbe, direktè jeneral Lapolis la, rete bwa kwaze fas ak nèg ak zam ki ap taye banda nan rantre sid kapital la nan nivo Matisan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …