AYITI/POLITIK: KANDIDA POU PREZIDAN PWOVIZWA NAN AKÒ MONTANA, FRITZ ALPHONSE JEAN FÈ YON TI BAT BOUCH AK KÈK GWOUP NAN SEKTÈ ATIZANAL LA.

Kandida pou pòs prezidan pwovizwa nan akò Montana, Fritz Alphonse Jean fè yon ti bat bouch ak plizyè gwoup nan sektè atizanal la jounen dimanch 23 janvye 2022 a nan « Hotel Caribe » ki chita kò li nan Juvenat.

Bat bouch sa te fèt nan objektif pou konnen kijan atizan yo ap fonksyone sitou ak pwoblèm ensekirite a kap taye banda nan peyi a, kandida pou pòs prezidan pwovizwa a, Fritz Alphonse Jean nan entèvansyon li, felisite atizan yo pou kouraj yo an menm tan fè yo konnen sektè atizanal la jwe yon gwo wòl nan ekonomi an ak kilti peyi a, se pou sa li fè apèl ak yo nan kad travay lap fè pou retire peyi a nan enpas lap travèse dènye tan sa yo.

Atizan yo ki te pran lapawòl pa met dlo nan bouch yo pou te fè konnen tout kalte pwoblèm yap konfwonte nan sektè tankou: ensekirite ki frape yo fò, yo pa jwenn kredi pou yo travay, yo pa jwenn okenn ankadreman nan men leta sitou nan ministè kominikasyon ak kilti ke yo lonje sou ministè sa ki pa janm voye je gade yo, pandan yo se yon poto mitan nan kilti peyi a pou repete kèk nan pwoblèm yo.

Pou fini, atizan yo bat gwo bwavo pou ti chita pale sa ki selon anpil nan yo mete yo an valè, yon bagay ki pat janm fèt nan tan pase yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …