ESPÒ/GÈ: GWO GÈ KI EKLATE ANT PEYI LARISI AK PEYI IKRÈN NAN GEN GWO KONSEKANS SOU FOUTBÒL LA.

Apre atak peyi Larisi sou peyi Ikrèn byen bonè maten jedi 24 fevriye 2022 a, Lig foutbòl nan peyi Ikrèn pran desizyon pou kanpe chanpyona yo.

Lig ikrenyèn anonse nouvèl sila, nan yon kominike ki pote dat jedi 24 fevriye 2022 a touswit apre atak peyi Larisi sou peyi Ikrèn.

Pilwen, UEFA bò kote pa li ap etidye posibilite pou retire final lig dè chanpyon pou ane 2021-2022 a ki te gen pou fèt Gazprom Arena de Saint-Petersbourg nan peyi Larisi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …