MEKSIK /ESPÒ: POU PITI 22 MOUN BLESE APRE YON BATAY KI PETE ANT FANATIK NAN YON MATCH FOUTBÒL

22 moun pou pi piti blese jounen samdi 5 mas 2022 a apre yon batay ki eklate ant fanatik nan yon match foutbòl Lig meksikèn nan vil Querétaro.

Lig meksikèn foutbòl la, apre ensidan an, kanpe tout rankont ki te gen pou fèt jounen dimanch la nan kad nevyèm jounen chanpyona meksiken an.

Gen de (2) moun ki blese grav anpil pami blese yo pandan rankont ant klèb lokak la Querétaro ak Atlas de Guadalajara, daprè presizyon sèvis pwoteksyon sivil ki tou pwofite demanti rimè ki ap sikile sou rezo sosyal yo ki pale de plizyè ka lanmò.

Deblozay yo kòmanse nan estad la pandan 63e minit match la sa ki ta pral lakoz match la li menm kanpe epi jwè yo te rantre nan vestyè a. Ekip lokal la nan moman sa t ap mennen 1-0 kont Atlas.

Nan lane 2026 k ap gen pou vini se Etazini nan tèt kole ak Meksik epi Kanada k ap òganize koup dimonn nan.

 

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: TV5mond

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …