LARISI /IKRÈN: MOÏSE JEAN CHARLES KONDANE ETAZINI, UE AK OTAN KI PA FAVORIZE LAPÈ

Ansyen kandida pou pòs prezidan nan peyi Dayiti a, Moïse Jean Charles lonje dwèt sou peyi Etazini, UE, ak OTAN ki pa favorize solisyon lapè nan konfli ki mete bab pou bap peyi Larisi anfas peyi Ikrèn nan.

« Nan konfli Ikrèn/Larisi a nou kondane Etazini, UE ak OTAN ki pa favorize solisyon lapè », ekri ansyen senatè depatman Nò a sou kont twitè li ki pwofite fè konnen » li ankouraje dyalòg pou yon lapè dirab nan enterè de (2) pèp yo ».

Lidè platfòm politik pitit Dessalines nan, yon lòt kote, pa rete san li pa di anyen sou vizit delegasyon Etazini fè nan peyi Venezyela. « Nou aplodi vizit delegasyon peyi Etazini nan Venezyela. Nou swete yo bon koperasyon; nan respè youn pou lòt, nou pa bezwen konnen sa ki te pale », pawòl Moïse Jean Charles.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …