AYITI/ENSEKIRITE: JOUNALIS YO PILE BETON AN JOUNEN MÈKREDI 9 MAS 2022 A.

Sou lòd CMEL, ki gen tradiksyon nan lang franse « Collectif des medias en lignes » plizyè dizèn jounalis pile beton an jounen mèkredi 9 mas 2022 a pou denonse britalite polisye yo ap fè sou yo epi mande jistis pou konfrè yo Maxilien Lazarre ki te tonbe anba bal lapolis pandan li tap fè travay li.

Manifestasyon sa ki te jwenn sipò plizyè moun nan popilasyon an ak kèk asosyasyon jounalis te demare sou chanmas epi rive devan BRANA sou wout awopò kote jounalis media « Roi des Info » a Maxilien Lazarre ta pral resevwa yon bal e mouri la pou la, jounalis Sony Laurore ak Yves Moïse yo menm yo ta pral soti blese nan menm jounen 23 fevriye a 2022 a kote yo tap kouvri manifestayon ouvriye yo ki tap mande 1500 goud kòm salè ak pi bon kondisyon pou yo travay.

Nap siyale, Jounalis yo te itilize Kamera yo, mikwo yo, telefòn yo, vwa yo ak plizyè pankat sou tout pakou a pou te mande jistis epi denonse britalite polisye yo ap fè sou yo nan lari a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …