AYITI/FINERAY: PLIZYÈ JOUNALIS RANN YON DÈNYE OMAJ AK JOUNALIS ECHOJOUNAL, GEROME EVENS JOUNEN JEDI 10 MAS 2022 A.

Fineray jounalis Echojounal epi kolaboratè plizyè lòt medya nan peyi a, Gerome Evens chante jounen jedi 10 mas 2022 a nan « Legliz Dieu vivant » ki chita kò li nan Dèlma 31.

Nan seremoni sila, Plizyè jounalis, fanmi ak zanmi dlo nan je te mete vwa yo ansanm pou te di jèn gason sila orevwa, yon jounalis ki te pran lapawòl nan seremoni an te eksplike kijan jounalis la te renmen metye a kijan li te bay tout li menm nan travay li.

Gerome Evens te fèt 10 mas 1995, li pèdi lavi li 26 fevriye 2022 nan yon terib aksidan moto sout wout 9, Gerome Evens pat sèlman yon jounalis li te gen plizyè lòt pwofesyon jis pou li te ka lite ak lavi malerezman li pa rive atenn objektif li.

Nap siyale, « Collectif des media en lignes » ki gen pou sig CMEL te prezan nan fineray la pou te di jounalis la bon travèse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …