LEMOND/FIFA:FIFA DEPLOKE YON MILYON DOLA POU EDE VIKTIM NAN PEYI IKRÈN

Enstans mondyal football la anonse nan jounen samdi 19 mas 2022 an Fifa debloke yon anvlòp ki genyen yon (1) milyon dola pou ede viktim nan peyi Ikrèn yo nan konfli lame Larisi.

« Lajan sa dwe ede moun ki plis nan difikilte nan moman an »daprè sa Fifa fè konnen.

prezidan Fifa Gianni Infantino nan yon kominike deklare fondasyon Fifa disponib pou li bay yon pati èd ki ap itil pandan li ap travay tètansanm ak kominote football Ikrèn nan epi nan rejyon an tou.

Nou ap raple Fifa sanksyone peyi Larisi epi mete dèyò nan kalifikasyon pou « Coupe du monde de novembre-décembre au Qatar. (AFP ».

Kredi foto: wikipédia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …