AYITI/KONKOU : « PRIX PEPA »,YON KONKOU ENPÒTAN ,KI GEN GWO VALÈ NAN SOSYETE AN

Prix PEPA se yon konkou nasyonal PEPA Education Agency òganize, li vize ankouraje LEKTI ki se yon dwa kiltirel ,se pou rezon sa li onore tout jèn ki renmen li atravè yon konpetisyon ki gen kalite.

« Prix sa egziste depi twa (3) lane nan peyi Dayiti ,pou ane 2022 an konkou sa te kòmanse 10 avril pase an men gran final lan ap fèt 12 jen 2022 an nan NH Haïti EL Rancho bò 11 h selon deklarasyon youn nan responsab konkou an ».

Li kontinye pou li fè konnen konkou sa ap gen twa (3) ganyan ,chanpyon an ap gen yon trofe ,yon meday,plizyè liv ak 50 mil goud.

« Haussons la lecture à travers nos voix »se tèm konkou an pou ane sa ki se propozisyon youn nan finalis dezyèm edisyon an Guerlande DIEURILUS.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …