LEMOND/DÈY: YON MINIS DOMINIKEN MOURI AK KOUT BAL ANNDAN BIWO LI

Minis anviwonman nan Repiblik Dominikèn nan,Orlando Jorge Mera asasine nan biwo li nan jounen lendi 6 jen 2022 an daprè pòt pawòl prezidans lan Homero Figueroa prezime asasasen minis lan se pwòp zanmi li ki jwenn arestasyon li.

Avoka Orlando Jorge Mera fèt 22 novanm 1966 mouri ak kout bal nan biwo li nan jounen lendi an ,li se pitit ansyen prezidan Salvador Jorge Blanco (1982-1986) .

Fanmi viktim nan eksplike prezime asasen an Miguel Cruz zanmi ak Orlando Jorge Mera depi lè yo te timoun se youn nan rezon ki fè li te gen aksè pou li antre nan zòn sekirite andan ministè a.

« Mwen regrèt anpil lanmò bon zanmi mwen an,minis Orlando Jorge Mera.mwen swete yon kòdoleyans ak madanm li Patricia ak pitit li yo Orlando epi Patricia Victoria,daprè sa prezidan Luis Abinader ekri sou kont twitè li.

Kredi foto:bbc

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …