AYITI/GAZ: PDEH REYAJI SOU PWOBLÈM GAZ PEYI A AP KONFWONTE NAN DÈNYE JOU SA YO.

PDEH ki se Parti Diaspora Endogène D’Haiti reyaji sou pwoblèm gaz popilasyon an pa ka jwenn nan dènye jou sa yo nan yon nòt ki pote dat vandredi 22 jiyè 2022 a.

Robert Saint Fleur ki tap pale nan non pati a deklare « peyi a pa gen pwoblèm gaz men pwoblèm gouvènman » pou bay jarèt ak sa li di a, lidè dyaspora a poze kesyon sa « Si peyi a gen pwoblèm gaz, ki kote moun kap vann li tèt nèg atè nan lari yo jwenn li? Selon Robert Saint Fleur se yon dezòd total ki gen nan peyi a tout moun chèf yo fè sa yo vle pa genyon gouvènman ki pou di ola pou popilasyon an ka rale yon souf.

Lidè a ale pi lwen pou di, si te genyon volonte bò kote gouvènman an, yo tap chita ansanm ak gwo zotobre yo ke ansyen prezidan Jovenel Moïse te denonse ki kenbe peyi an otaj ak gaz la pou rezoud sa, men se pa sa ki nan lespri yo se fè lajan, selon Robert Saint Fleur se pa pèp la yap defann se gwo chabrak yo epi plen pòch yo.

Pou fini, lidè a fè konnen se yon soulèvman jeneral ki pou fèt pou pèp la soti nan sityasyon difisil yap viv chak jou Bondye mete.

Nap raple (PDEH) Parti Diaspora Endogène D’Haïti se grenn pati politik ki ap denonse deriv gouvènman defakto a ak sityasyon difisil popilasyon ayisyèn nan ap viv sitou nan dènye jou sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …