AYITI/POLITIK: LIDÈ DYASPORA ROBERT SAINT FLEUR KORIJE KAYE POLITISYEN KI NAN PEYI ETRANJE YO AK MOUN KAP MANDE POU AYISYEN CHANJE MANTALITE

Lidè « Parti Diaspora Endogène D’Haiti » a, Robert Saint Fleur nan yon nòt vokal korije kaye politisyen yo ak yon seri de moun kap mande pou popilasyon ayisyèn nan chanje mantalite li pou yo vin fè yon bagay nan peyi a.

Selon Robert Saint Fleur, mantalite yon moun chanje an fonksyon kondisyon li ap viv, yon moun kap viv nan blakawout, nan kras, nan lavi chè, pa gen travay pi fò moun nan chomaj, pa gen wout, pa gen lopital, pa genyon estad, pa genyon sal sinema pa genyon bon lekòl, pou repete kèk nan pwen sa yo li te soulve, pandan li poze kesyon sa, « Kijan ou vle pou moun sa chanje mantalite li?

Selon lidè a, « mantalite envolontè tankou kè » ou pa ka mande yon moun chanje mantalite li pandan sityason vi li pa bon, lidè a pran egzanp: Yon moun ki rich ki vin pòv nan mwens ke yon mwa mantalite li ap chanje.

Pou mantalite ayisyen chanje fòk politisyen yo ak gouvènman yo chanje kondisyon moun yo ap viv, pou gen wout, lopital, travay, kouran pou site sa yo, lè sa mantalite tout moun ap chanje.

Lidè a fè politisyen yo konnen yo nan erè, si yo pa chanje kondisyon moun yo ap viv anvan, pa gen okenn pa peyi a ap fè. Selon lidè a, ayisyen kap viv nan peyi etranje yo chanje se paske kondisyon yo reyini, yo jwenn dlo, kouran, travay, lopital,yo wè wout pou repete sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …