AYITI/POLITIK: YON AVOKA NAN BAWO PÒTOPRENS FÈ PLIZYÈ GWO DEKLARASYON SOU GAZ LA PREMYE MINIS DEFAKTO A, ARIEL HENRI DESIDE MOUTE A.

Avoka Jean Ronald Azor fè plizyè gwo deklarasyon apre midi dimanch 25 septanm 2022 a nan mikwo Echojounal.

Selon avoka a, desizyon premye minis defakto a pran pou moute pri gaz la se ak desè gouvènman an li siyen, selon ansyen kandida pou senatè nan depatman Grandans lan, pri gaz la ki moute a se vyolasyon dwa popilasyon an ak dwa edikasyon pitit yo paske pitit yo pap ka ale lekòl, yo pap ka ba yo manje pou repete sa yo.

Ansyen kandida a ankouraje popilasyon pou kontinye mobilize nan tout kwen nan peyi a pou fòse gouvènman defakto a tande vwa yo, li mande popilasyon an pridan ak yon seri de lidè, selon mèt la, mouvman lari a pa gen mèt se youn nan rezon ki fè yo idantifye vrè enmi yo.

Pilwen, Jean Ronald Azor deklare mouvman kidnapin nan ki parèt tèt li ak ensekirite a pandan dènye jou sa yo se pou fè moun yo pè pran lari pou al revandike dwa yo.

Yon lòt bò li kritike zak gwo ponyèt lapolis ap fè sou moun yo nan ba yo gaz ak bal pou anpeche yo manifeste, lidè a raple lapolis wòl yo se pwoteje ak sèvi e popilasyon se dwa yo pou manifeste.

Apwopo Angeline Michel

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …