AYITI/POLITIK: TWA (3) JOU FÈ NWA ANONSE SOU PEYI A POU SEMÈN SA.

Lidè pati « Pitit Dessalines » nan, Moïse Jean Charles anonse nan yon konferans pou laprès jounen dimanch 25 septanm 2022 a sou plas Vètyè nan vil Okap twa jou fè nwa sou peyi a.

Selon lidè a se swa nou kanpe goumen poun soti nan sa nou ye a oubyen nou kanpe tann lanmò vin pran nou, pou kore sa li di a li itilize pwovèb kreyòl « Timoun pa antre nan jandam« . Li fè popilasyon an konnen si yo kite Ariel rive vann gaz la nan pri li vle a pral gen gwo rèl kay makorèl paske dola a pral moute rive 200 goud tou.

Li mande pou twa jou sa yo pou pèp la itilize tout mwayen nèt yo konnen jan yo kòmanse fè li nan plizyè kwen nan peyi a pou debarase peyi de Ariel Henri ak akolit li yo e pou bay yon repons klè ak lemonn antye espesyalman sekretè jeneral nasyon zini yo,Antonio Guteres. Ansyen majistra Milo a anonse pandan twa (3) jou mobilizasyon sa yo ap gen bagay, li voye gwo kout chapo pou plizyè vil pwovens tankou Okay, Tigwav, Jakmèl, pou site sa yo kap batay.

Yon lòt bò, Moïse Jean Charles denonse plizyè dwonn li di kap kontwole kay li depi lè li lanse mouvman sila a, li fè konnen sa yo pa ka fè li pè ni bay vag.

Pilwen li voye yon mesaj klè bay lapolis ki ap aji an gwo ponyèt pou kraze mouvman an, nan anpeche pèp la manifeste nan ba yo gaz ak bal, li fè yo konnen yo se pitit geto a, sa kap fèt la ap bon pou yo paske yo fè pati pèp la, li mande polisye yo pou mete dlo nan diven yo, kite pèp la manifeste.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …