AYITI/EDIKASYON: PARAN YO RALE ZÒRÈY MINIS DEFAKTO KI NAN TÈT EDIKASYON AN.

Plizyè paran elèv nan lakou peyi Dayiti mande minis defakto ki nan tèt edikasyon an, Nesmy Manigat pou ranvwaye rantre lekòl la ki te prevwa pou 11 septanm 2023 a.

Selon paran sa yo sityasyon an konplike anpil pou yo sitou akoz ensekirite a, anpil nan paran yo fè konnen se nan lari yo ap dòmi, yo kite kay yo ak zòn yo te rete pou bandi ki mete yo deyò, paran yo ale pilwen pou fè konnen pi fò lekòl yo se abri, sa ki pa abri yo menm direktè yo pa ka rive nan zòn kote yo ye alevwa pou yo ta ouvri pòt yo, yo deklare pou jan bagay la ye la li enposib pou lekòl la ouvri san okenn dispozisyon pa pran kont bandi yo.

Yon lòt bò paran yo kritike yon seri lekòl sitou lekòl kongreganis yo malgre lavi chè ak ensekirite a yo moute pri lekòl yo pi wo ane a e menm genyen ki double pri yo pandan liv, kaye, plim, inifòm pou site sa yo tèt nèg.

Paran yo ale pi lwen pou fè konnen gen anpil pwofesè ak direktè lekòl se sou plas piblik yo ap dòmi, yo mande minis defakto a ki nan tèt edikasyon an po soti yon nòt pese prese pou ranwaye rantre lekòl la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …