AYITI/ENSEKIRITE: PRIYÈ A MOUTE GRAS LA DESANN POU GOUVÈNMAN DEFAKTO A, BANDI YO PRAN KAFOUFÈY

Apre plis pase 8 mwa rezistans ak gouvènman defakto a ki gen nan tèt li premye minis defakto, Ariel Henri popilasyon Kafoufèy la pèdi batay la, priyè a moute pou gouvènman an ki itilize bandi pou mete moun yo deyò lakay yo.

Malgre plizyè kri moun nan Kafoufèy nan radyo, plizyè manifestasyon nan lari, devan DDO, devan baz lame Dayiti pou te mande sekou, malgre yon kanpe goumen kèk polisye nan tèt kole ak popilasyon an ak bandi yo, yo pa rive reziste, bandi yo anvayi tout zòn nan Kafoufèy, yo boule, yo touye, yo rache anba je otorite defakto yo ki pat janm pran okenn desizyon ni soti menm yon nòt sou sa kap pase nan Kafoufèy la.

Sa ki moutre a klè selon anpil moun, se yon plan gouvènman defakto a ak yon pati nan kominote entènasyonal la pou te mete tout moun nan kafoufèy deyò e pran kontwòl zòn yo, kesyon anpil moun ap poze « Pou kisa? » « Ki sa moun Kafoufèy fè? » « A kisa sa sa pral sèvi yo? Sof otorite defakto yo ki gen repons ak kesyon sa yo.

Nan moman nap pale la prèske tout zòn nan Kafoufèy blanch kou koton, misyon akonpli pou bandi yo ak gouvènman an, tout moun nan lari polisye, jounalis, ti bebe blanch ap dòmi sou plas piblik, malgre tout moun bay zòn nan okenn operasyon pa mennen pou met bandi yo deyò pou moun yo tounen lakay yo.

« Ki lòt misyon yo? Yon kesyon tout moun ta renmen gen repons lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …