AYITI/SANKSYON: MOUN NÒDES AP SAKAJE LESPRI PREZIDAN DOMINIKEN AN.

Apre moun kap viv nan depatman Nòdès pran desizyon pou fè yon kanal kap pran yon priz nan rivyè Masak pou kapab wouze depatman an, sa ki pral pèmèt yo wouze jaden yo e pèmèt pitit tè a viv ak pwodiksyon nasyonal la, dominiken yo fache, yo voye pye pase bourik pou pwojè a.

Prezidan dominiken eseye fè tout sa li konnen pou moun yo kanpe kanal la, li anonse si pwojè a pa kanpe anvan jedi 14 septanm 2023 kap vini la, lap kanpe sou bay ayisyen viza, lap fèmen tout fontyè li yo ap peyi Dayiti, yon menas ki pa fè popilasyon an ni cho ni frèt.

Popilasyon an ki jwenn sipò BSAP di yo prefere mouri tan pou yo ta kanpe travay la ki pral itil peyi a, yo denonse domiken yo ki te debake ak sòlda ak kamyon pou te vin bouche kanal la, selon sa yo fè konnen se gras ak vijilans yo e sipò BSAP ki fè sa pa rive fèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …