AYITI/SENDOMENG: SITYASYON KONPLIKE POU AYISYEN KI VLE RANTRE AN AYITI PANDAN YO FÈ YO PEYE 40 US.

Plizyè ayisyen ki bezwen antre nan peyi Dayiti gen gwo pwoblèm pou fè sa.

Selon enfo nou rive jwenn otorite dominiken yo pran nan men chak grenn ayisyen 40 dola vèt pou yo kapab rantre ak yo e al mete yo « Petion ville » lè bis la rive sou fwontyè dominiken an yo fè tout moun desann e fè yo konnen degaje yo ale nan peyi yo si yo vle pandan yo pa remèt yo lajan ke yo te pran nan men yo a.

Ayisyen mande otorite defakto yo ki nan tèt peyi Dayiti yo pou di yon mo pou yo paske sityasyon an konplike anpil pou yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …