AYITI/JISTIS: ETA SANTE PI GWO SISPÈK NAN DOSYE LANMÒ ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA BAY GWO KÈ SOTE ANNDAN PENITANSYE NASYONAL

Yon mwa apre arestasyon Joseph Félix Badio, otè entelektyèl nimewo 1 nan zafè asasina ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE, tonbe nan yon eta ki trè kritik ak sante li anndan pi gwo sant prizon peyi a ki se Penitansye nasyonal, akize a ki fè maladi dyabèt (Sik) pa gen otorizasyon pou resevwa vizit manje ak bwè nan men moun deyò, epi wè moun menm si se fanmi li, anplis prizonye anndan prizon an pa gen aksè pale avèl, menm avoka pa gen dwa pou vizite li Kote li ye nan izòlman pou kont li.

Joseph Félix Badio ki se detni ki pi enpòtan nan koze ankèt sou asasina ansyen Prezidan Repiblik la nan yon sitiyasyon ki bay gwo kè sote anndan Penitansye nasyonal, Gouvènman defakto a ki gen nan tèt Li doktè Ariel HENRY, pa fè okenn entèvansyon pou kenbe eta sante Badio estab, anpil kesyon ap poze:

1-Èske se yon fason pou estrès ta touye akize a nan prizon an pou li pa ta gentan pale?
2-Poukisa Etazini ap kondane moun e yo neglije Badio?

Jiskaprezan li pako ale lopital ni doktè pako vizite li pou ta jere maladi dyabèt la, responsab lajistis yo ta dwe fè tout sak posib pou rive gade Joseph Félix Badio anvi, sa ki ap pèmèt ankèt la kontinye san pwoblèm pou ta pèmèt fanmi ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE jwenn jistis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …