AYITI/RELIJYON: CHÈF KILT VODOU A ADRESE LI AK GOUVÈNMAN DEFAKTO A.

Nan yon konferans pou laprès jounen 16 novanm 2023 a, dat ki make senk (5) lane depi li te prete sèman kòm chèf kilt vodou a nan lakou peyi Dayiti, ougan Cedral Noelus adrese li ak gouvènman defakto a.

Ougan an mande leta ayisyen pou sispann pran desizyon ak moun ki pa reprezante vodou a legalman, li fè konnen li pat prete sèman pou yon ti pati nan peyi a men li te prete sèman pou tout peyi a, sa ki vle di leta a konnen li kòm chèf sektè a.

Li ale pi lwen pou fè konnen li fè anpil maryaj, sa yo rele « plase » nan sektè a, li fè anpil batèm sa yo rele « andwaye »a e li mete reprezantan sektè a nan plizyè komin ak depatman anndan peyi a, li fè konnen li fè anpil fòmasyon pou jèn yo kapab konnen ki enpòtans vodou a genyen nan kad travay lap fè nan sektè a.

Li tou pwofite mande gouvènman defakto a pou ankonpaye moun yo nan kanal la, mete sekirite anndan peyi a pou popilasyon kapab sikile lib e libè, pou peyizan yo kapab plante elatriye.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …