AYITI/REVANDIKASYON: ANPLWAYE ONA YO TANMEN YON MOUVMAN MACHE KONTRE POU SOVE ENSTITISYON AN AK DEFANN DWA YO.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 22 fevriye 2024 la, anplwaye ONA yo nan Dèlma 17 nan kad yon mouvman ki rele « Mache kontre » yo mete pye yo atè pou sove enstitisyon ak defann dwa yo.

Anplwaye yo denonse direktris jeneral la, madam Marguerite Berthe MARESCOT ki pran ONA tankou boutik prive li, kote li pran anplwaye yo pou twal mouye, li pa pran yo pou moun.

Anplwaye yo ale pilwen pou kritike politisyen ki te mete madanm nan nan bwat la, yo poze tèt yo kesyon èske se fèy de wout sa yo te ba li ak chèf kabinè li, Madelain Fils-Aimé ki gen eksperyans nan bwat la pou vin imilye anplwaye yo, asire yo ak pansyone yo.

Selon anplwaye yo sou administrasyon sa kondisyon travay yo vin pi mal, biwo yo pa gen materyèl ni pou travay, ni pou bay sèvis ak asire yo.

Madanm nan anile tout avantaj sosyal kad yo te genyen, se lè li sonje li bay ti kat debi, tout prè yo tankou ipotèk, avans salè, kotizasyon tout prèske kanpe, li pran pretèks se pou moun yo ki pral nan Biden poutan li siyen chèk lapolis (Ona Polis) pou repete pawòl anplwaye yo.

Yo anonse mouvman « Mache kontre » a pap kanpe tout otan madanm nan pa satisfè revandikasyon yo oubyen bay talon li, yo anonse plizyè lòt mouvman nan tout biwo ONA yo nan tout kwen nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …