AYITI/REVELASYON: ANSYEN DIREKTÈ PNH LA FÈ GWO REVELASYON SOU KIYES KI TE FÒME FANTOM 509 E KI MISYON YO TE GENYEN.

Nan yon ti bat bouch ansyen direktè jeneral PNH la, Leon Charles nan emisyon « Boukante lapawòl » nan lannwit lendi 26 fevriye 2024 la, li di kiyès ki te fòme « Fantom 509 » e ki misyon yo te genyen.

Selon ansyen direktè jeneral la, Fantom 509 te kreye pou te toumante gouvènman Jovenel Moïse la, anpeche li travay e yo te gen misyon pou asasine prezidan an, li deklare se politisyen opozisyon nan epòk la ki te kreye li, pami yo André Michel, Nenél Cassy pou site sa yo.

Ansyen DG a fè konnen nan « Fantom 509 » te gen polisye revoke pou move zak, te gen sivil ame (bandi) ak polisye palmantè.

Yon lòt bò li fè konnen menm kesyon mouvman sendika nan lapolis la, se te yon pretèks men li rekonèt sa yo te itilize pou te kreye li a te jis.

Nou ap raple ou nan yon deklarasyon chèf bandi « Kraze baryè »a, Vitelhomme Innocent te fè konnen li se youn nan moun ki te kreye « Fantom 509 » e li te konn mete mwayen pou yo.

Dosye a swiv….

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …