AYITI/POLITIK: Pati politik SOHVEM bay avi yo sou move moman pèp ayisyen an ap konnen nan peyi a sitou nan dènye jou sa yo.

Pati politik SOHVEM nan yon nòt pou laprès ki pote dat 6 avril 2024 bay avi yo sou move moman popilasyon an ap konnen sitou nan dènye jou sa yo.

Nan nòt sila yo salye kouraj pèp la ki pa janm febli malgre moman difisil yo, kote grangou ak lavi chè ap fini ak yo, enstitisyon leta yo fèmen, lopital, lekòl pa ka fonksyone, kote anpil fanmi ap deplase kite kay yo pou koz ensekirite, ajoute ak sila yo ki te deja anba tant depi pasaj tranbleman tè 12 janvye 2010 ak Matthew nan lane 2016,

Selon nòt la apre konsta sa yo wè gen ijans nan la repiblik. Nan sans sa yo mande:

1- Pou tout aktè politik yo mete enterè
pèsonèl de kote epi jwenn yon akò lajman laj kap pèmèt peyi a soti nan kriz sa.
2- Pou gen yon gouvènman ki tabli prese prese pou komanse aji sou ensekirite a.
3- Pou mete sou pye yon pwogram apezman sososyal kap pèmét popilasyon an komanse rale souf.
SOHVEM pwofite pou fè konnen ke nap apiye tout akò ki jwenn pou mete fen ak kriz sa depi se nan enterè Ayiti ak pèp Ayisyen an.

Moun ki siyen nòt la pou Pati politik SOHVEM ki vle di « Solidarite Haitienne pour une Vie Equilibrée et Meilleure. » se Mettelus Markenson, AubourgJoseph zacharie,Saint Louis Jeb ak Nazair Markes.

Nou pote pou ou tout sa ou dwe konnen sou fèy ave, lè ou fin gade video sa abòne, pataje, like, kòmante…
Nou se Echojounal nou ap travay pou ou… jis klike la…
👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …