AYITI/SA OU DWE KONNEN: MEN KI SA NOU FÈ LÈ NOU KRAZE WOUT NOU YO.

Nan peyi Dayiti lè nou ap manifeste pou fòse gouvènman yo tande vwa nou oubyen fè revandikasyon nou pase, anpil nan nou itilize plizyè mwayen pou fè sa tankou nou voye wòch, boutèy, boule machin leta pafwa machin prive, nou boule kawotchou pou site sa yo, depi yon bon bout tan bagay yo chanje se barikad, koupe wout, dechoukay byen malere kou grannèg, nou itilize zàm.

Nan kesyon koupe (Kraze) wout la nou detwi pwòp tèt nou o pwofi de moun ki ap toupizi nou yo e pafwa moun nou ap rele dèyè yo a. Lè nou koupe wout nan yon zòn ou koze anpil dega, wout sa nou koupe a leta manfouben an pap repare li tou swit pafwa yo kite li konsa, lè lapli tonbe dlo ap rete nan twou yo, li ap fè marengwen ki pral bay pitit nou maladi tankou tifoyid malarya ak anpil lòt maladi pandan nou pa gen lopital e nou pa gen lajan pou nou ale nan lopital pa yo, ni ale nan lopital nan peyi etranje.

 

Pi lwen wout sa pral gen labou lè lapli tonbe, pousyè lè pa gen lapli nou pral oblije nan jwe marèl pou nou mennen timoun yo lekòl oubyen lè nou pral vakye ak aktivite nou, si ou ta genyon vye machin oubyen yon vye moto chòk yo pral kraze nan twou sa yo, ou pral nan depans se avantaj pou yo paske se yo ki gen tout monopòl yo nan men yo.

Yon lòt bò leta manfouben an pral di yo debloke konbyen milyon dola vèt pou repare yon wout pafwa ki pa menm de (2) kilomèt, kiyès lajan sa al jwenn? Yon gwoup mafya nan sektè prive a ki se zanmi yo, fanmi yo ki pral fè 2 ak 3 lane pa janm fèt, lajan an klase, yo pran 2,3 jèn nan zòn nan yo ba yo pote mòtye siman e ba yo mil goud pou moutre genyon travay ki ap fèt.

 

Sa se yon ti rale zwit nan tout sa ki genyen kòm konsekans lè nou ap koupe wout nou fin genyen yo, li tap mye si nou ta itilize lòt estrateji ki pap deranje nou menm ki ap revandike a men ki ap deranje leta manfouben an ak tout mafya parèy li yo ki nan sektè prive a.

Echojounal pou sèvi ou!

Nou pote pou ou tout sa ou dwe konnen sou fèy ave, lè ou fin gade video sa abòne, pataje, like, kòmante…
Nou se Echojounal nou ap travay pou ou… jis klike la…
👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …