AYITI//POLITIK: GWO CHIRE PIT ANT FRITZ ALPHONSE JEAN AK GARRY CONILLE.

Pandan popilasyon an nan gwo difikilte pou yo viv akoz ensekirite a ki ap taye banda chak jou Bondye mete, timoun pa ka ale lekòl, tout bagay tèt nèg, anpil moun oblije kite kay yo pou sove lavi yo, pou site sa yo poutan se gwo chire pit ki genyen nan gouvènman tranzisyon an.

Selon enfo nou rive jwenn se gwo bouch louvri ki genyen nan moman nou ap pale la ant premye minis tranzisyon an, Garry Conille ak youn nan manm konsèy tranzisyon chak moun fè ti kout la ki se Fritz Alphonse Jean, e menm Fritz Alphonse Jean sa nan konfli ak pwòp gwoup li reprezante a ki se « Accord Montana », konfli sa vini apre li mete nan tèt ministè edikasyon nasyonal ak la kilti Antoine Augustin san li pa ta konsilte ekip li.

Deblozay Fritz Alphonse Jean ak Garry Conille an vini apre mouche Fritz ta deside pran kontwòl direksyon jeneral DGI e premye minis tranzisyon an bò kote pa li pa dakò, li ta vle pou DGI genyon moun net nan tèt li pou li kapab fè travay li kòm sa dwa.

Selon anpil moun mouche Fritz plis ap chache jere pòch li olye li pote atansyon ak sityasyon difisil popilasyon an ap viv la e li pa sèl moun ki konsa. Nan deblozay sa ki pete an Pm nan ak mouche Fritz la se yon kesyon enterè pèsonèl ki pa gen anyen pou wè ak peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …