AYITI/ENSEKIRITE: MEN KANTITE MOUN KI GENTAN MOURI PANDAN NEGOSYASYON POU MOUTE YON GOUVÈNMAN.

Pandan manm konsèy tranzisyon chak moun fè ti kout la ak premye minis tranzisyon an, Garry Conille ap negosye pòs ministè, direksyon jeneral, delege vil pou site sa yo moun ap mouri anba bal.

Nan yon ti bilan tou piti, nan mwens ke yon mwa pou pi piti 30 moun gentan mouri san konte plizyè lòt ki blese anba bal, gen moun ki mouri fanmi yo pa menm jwenn kò yo pou antere, anpil moun denonse lapolis la ki antre nan touye moun pou granmesi.

Men kijan moun ki mouri yo repati nan yon ti bilan, twa (3) moun te mouri nan Dèlma 19 nan lannwit 29 pou ri 30 me, twa (3) polisye te mouri nan ba Dèlma jou ki te 9 jwen 2024 la, kat (4) moun nan yon sèl fanmi te mouri anndan lakay yo nan Dèlma 33 jou ki te 16 jen 2024 la lapolis akize kòm gwoup ki ta fè krim nan, douz (12) moun mouri nan zòn Tènèv nan wo Latibonit lan jou ki te 24 jen 2024, bandi vide kout bal sou yon ti bis nan zòn pis pou piti 3 moun mouri jou ki te 19 jen 2024 la pou pran sa yo.

Bilan sa pa konte moun ki pran bwa kale yo, ni pil ki ap mouri sou Nazon, ba Dèlma, Site solèy yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …