AYITI/EDIKADYON: GWO KÈ SOTE NAN BA LATIBONIT LA POU DEWOULMAN EGZAMEN NEVYÈM ANE YO.

Sityasyon an poko klè ditou pou egzamen nevyèm ane yo nan ba Latibonit lan pou jounen lendi 22 jiyè 2024 la akoz bandi Gran grif yo ki ap mache fè masak sou popilasyon an.

Pou tout depatman an gen 24,501 timoun ki ta dwe al konpoze nan 143 sant egzamen, ladan yo gen 3 sant nan Lestè, 2 nan vil la youn nan Lakwa peris ki se yon tèritwa pèdi, Èske elèv yo ap rive konpoze nan Lakwa peris? Pou anpil paran se non, yo fè konnen yo ap kenbe pitit yo lakay yo paske moun ki pote non otorite yo nan peyi a pa pran okenn mezi pou pwoteje elèv yo.

Nan Lyankou gen 52 lekòl, se sèlman 7 ladan yo ki pat rive fèmen, tout 45 lòt yo te oblije fèmen pòt yo, se sèlman 20 elèv nan Lyankou ki rive enskri e se sou komin Vèrèt enskripsyon yo fèt, nan Ti rivyè bagay yo pa fin twò dejenere men paran yo ak elèv yo trè enkyè.

Pou tout depatman an genyen 1005 sal klas pou 1005 siveyan ak 300 sipèvizè nan yon total 143 sant, kijan egzamen yo ap fè rive nan ba Latibonit? Pèsòn poko konnen, pandan mesye Gran grif yo vanje kèk sòlda yo te genyen ki tonbe nan moman yo ta pral atake Lyankou.

Pou pi piti yon dizèn moun mouri anba kout bal ak kout manchèt pandan semèn nan, mesye Gran grif yo anonse yo ap met do Ti Mepri atè ak akolit li yo e yo ap antre Lyankou.

Dosye a swib

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …