ESPÒ/KOPA AMERIKA: GEN YON PAKÈT JWÈ NAN SELEKSYON BREZIL LA KI REFIZE JWE KOPA AMERIKA A.

_Tite, seleksyonè ekip Brezil la, deklare ouvètman nan yon konferans pou laprès jwè ki soti an Ewop yo refize jwe Kopa Amerika a. Antrenè a fè konnen li ap pran yon desizyon nan jou ki ap vini yo._

Seleksyon Brezil la poko konnen si li ap ka konte sou tout jwè kad li yo nan Kopa Amerika. « Jwè k ap jwe nan chanpyona Ewopeyen yo refize jwè tounwa a nan kondisyon sa », deklare Tite ayè Jedi 3 Jwen 2021 an nan konferans pou laprès avan match kalifikasyon kont Ekwatè a.

« Jwè yo pa panse menm jan ak prezidan nan sa ki gen pou wè ak Kopa Amerika a. Se rezon sa ki esplike kapitèn ekip la, Casemiro pa nan konferans pou laprès la », daprè Tite.

Antrenè ekip la, Tite, yon lòt kote fè konnen l ap gen pou l pran yon desizyon nan yon tan ki pa twò long. » Nou mande jwè yo pou yo konsantre yo sèlman sou match kont Ekwatè a. Yo menm, yo te mande yon bat bouch ak prezidan an dirèkteman. Se te yon konvèsasyon dirèk epi klè. Sa ki priyorite nou pou kounya se byen jwe kont Ekwatè. Aprè match la, sityasyon yo ap pi klè », daprè sa l deklare.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …