AYITI/KOVID-19 : GEN POSIBILITE POU KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA A CHANJE DAT REFERANDÒM NAN AK ELEKSYON YO, DAPRÈ KEP A.

_Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a nan yon kominike pou laprès jounen vandredi 4 Jwen 2021 an, fè konnen gen posibilite pou dat referandòm nan ak eleksyon yo chanje parapò ak Kovid-19 la ki ap vale teren nan peyi a._

 » Konsèy elektoral pwovizwa enfòme laprès an jeneral ak popilasyon an an patikilye sa ka rive li chanje kalendriye referandòm konstitisyonèl la ak eleksyon minisipal, lokal lejislatif ak prezidansyèl 2021 yo parapò ak jan Kovid-19 la ap pwopaje nan peyi a », li nan kominike a.

« KEP a ap tann evalyasyon otorite sanitè yo ak avi teknik nan lide pou patisipe nan pwoteje popilasyon an ak pou travay nan sousi pou nan reyalize referandòm ak eleksyon yo », kontinye kominike a.

Pou fini, KEP a fè konnen li reyafime detèminasyon l pou l akonpli misyon l nan tout kyetid, transparans ak onètete.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …