LEMOND/ISTWA: PLIZYÈ CHÈF LETA AK SELEBRITE RESEVWA GWO PATASWÈL DEJA NAN MOND LAN .

Prezidan Fransè a, Emanuel Macron, pa premye chèf Leta nan mond lan ki resevwa pataswèl nan men yon senp sitwayen ki endinye pou fason yo ap dirije peyi yo. Se ka pou Bush, Kohl, Jospin ak menm Wa ki konn resevwa kalòt ak pataswèl.

Nan lane 2008, prezidan George W. Bush te resevwa yon gwo palavire kout pye nan men yon jounalis peyi Irak ki te an kòlè akoz entèvansyon ameriken yo te fè sou peyi Irak. Men, sa ki pat pote ansyen prezidan Bush ak okenn ògèy te sèlman reponn nan dan griyen  » mwen pa konnen ki sa li te di, men mwen te sèlman wè soulye li « .

Nan peyi Almay, nan lane 1991, Helmut Kohl, ki te resevwa plizyè kout tomat , kout ze ak penti nan moman li t al fè yon vizit nan Halle, yon vil nan Lès peyi Almay.

Ansyen minis ekonomi Fransè Jospin Sermonne, nan moman li tap fè kanpay nan lane 2016, plizyè manifestan te bal plizyè kout ze nan moman li t ap deplase pou ale nan rejyon parizyèn li te reponn poul di : » poze nou non! ». Nan mwa Desanm 2014 nan vil Namur, premye minis Bèj Charles Michel, li menm te resevwa plizyè kout flit mayonèz nan men plizyè ansyèn militant Femen, pou te esprime kòlè ak Kalimantan yo akoz mezi gouvènman an li an te pran.

Nan kanpay prezidansyèl nan mwa fevriye 2012, ansyen prezidan fransè François Hollande, yon fanm te sal li ak farin nan moman li t ap fè yon diskou nan yon tribin, nan rasanbleman asosiyasyon èd ak moun kap mal dòmi yo. Epi gen premye minis Lionel Jospin, nan moman kanpay li te resevwa plizyè flit « Ketchup » oubyen sòs tomat nan men de (2) timoun.

Lis pèsonalite piblik ki resevwa pataswèl, palavire, kalòt nan mond lan long anpil, men nou pakab pase nan peyi sa yo nan lane 2001, wa peyi la Swèd Carl XVI Gustaf, te resevwa plizyè kout frèz nan men yon ti jèn gason sèz (16) lane, nan lane 2002, premye minis kanadyen Jean Chrétien, te resevwa yon kout krèm glase nan figil nan men yon komedyen ki te akizel kòm agresè.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …