AYITI/ESTA: ROODY ROODBOY LANSE PWÒP APLIKASYON PA LI

_Roody Roodboy lanse pwòp aplikasyon pa li 13 jen dènye ki rele « Roody Roodboy ». Aplikasyon sa se pou pèmèt fanatik li yo tande tout mizik li ak gade tout videyo li yo._

Chantè Roody Roodboy ap rann mizik li, videyo li ak tout enfòmasyon sou karyè li disponib avèk plis fasilite pou fanatik li yo. E sa posib, gras ak aplikasyon li lanse a ki rele » Roody Roodboy ».

Disponib sou App store ak Google play store, « Roody Roodboy » se yon zouti kap rapwoche chantè « tranble » a pi plis toujou de moun ki admire li yo.

Nou ap raple, 5 jen 2021 ki sot pase a, Roody Roodboy te inogire yon store nan Sendomeng.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …