LEMOND/ MOVETAN: DIZUIT (18) MOUN MOURI AK DIS NÈF (19) LÒT DISPARÈT NAN YON INONDASYON NAN PEYI BÈLJIK.

Otorite pwoteksyon sivil Bèljik, nan kad yon bilan yo prezante jounen vandredi sèz (16) jiyè 2021 an, fè konnen gen dizuit (18) moun ki mouri ak dis nèf (19) lòt ki disparèt, daprè deklarasyon pòt pawòl sant kriz Bèljik la, Antoine Iseux.

Sou bò pa li, minis enteryè Annelies Verlinden, nan yon kominike presize dega inondasyon yo anpil ki devaste yon bon pati nan peyi Bèljik, minis lan ki fè konnen dlo a ki koumanse bese nan kèk zòn.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …