ELIMINATWA KOUP DIMONN 2022: CRISTIANO RONALDO RANTRE PI PLIS NAN ISTWA JWÈT FOUTBÒL LA

_Cristiano Ronaldo bat yon nouvo rekò. Nouvo jwè Man United la make istwa foutbòl mondyal la jounen mèkredi 1 septanm nan match ki te mete bab pou bab ekip Pòtigal la anfas ekip Iland lan. Make 2 gòl kont Iland (2-1), Cristiano Ronaldo vini meyè bitè istwa nan ekip nasyonal avèk 111 gòl. Nan sans sa, li devanse iranyen an Ali Daei li te pataje rekò a ak li._

Cristiano Ronaldo se yon lejann, e li pwouve sa yon lòt fwa ankò. Li enskri 2 gòl avèk Pòtigal nan match eliminatwa koup dimonn 2022 anfas ekip Iland lan. 2 gòl a youn, se sou eskò sa match la fini.

Cristiano Ronaldo te desizif e detèmine. E li te tou, an mòd sovè pou ekip Pòtigal la. Alòske yo t ap mennen 1-0 sou Pòtigal, atakan Man United la fè 2 gòl nan fen match la pou bay ekip li 3 pwen viktwa a.

Gras ak 2 gòl sa yo, Cristiano Ronaldo vini meyè bitè istwa an seleksyon nasyonal avèk 111 gòl. Pandan match la, jwè 36 lane te rate yon penalite tou nan 15e match la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …