AYITI/ POLITIK : SEKRETARYA PALÈ NASYONAL PA BYEN WÈ PIBLIKASYON AKÒ 11 SEPTANM LAN.

Sekretarya palè nasyonal pa fin twò byen wè piblikasyon jounen 21 Septanm 2021 an, akò ki pote non  » gouvènans apeze epi efikas » ki jwenn ant premye minis Ariel Henry ak plizyè pati politik nan peyi a pou mete yon bout ak kriz la.

Nan yon lèt sekretè jeneral palè nasyonal la Lyonel Valbrun, voye bay chèf gouvènman pou raple l ke se sèlman desizyon ki pran nan konsèy minis ki kapab, angajman gouvènman ki kapab pibliye nan jounal ofisyèl peyi a ki se Monitè, epi piblikasyon ki abitye fèt yo. Aprè sa tout lòt piblikasyon yo ilegal ak abizif, daprè atik 158 konstitisyon 1987 la.

Sekretè jeneral palè nasyonal la, Lyonel Valbrun, souliye pou premye minis Ariel Henry se enterimè l ap jere li gen pou misyon reyalize eleksyon pou kapab gen yon gouvènman lejitim, jan atik 149 konstitisyon 1987 la mande sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …