AYITI/KILTI:WEEK-END POÉTIQUE, YON LANE EPI SENKYÈM SÒTI

Senkyèm soti Week-end Poétique la ap fèt jounen vandredi 25 sektanm 2021. Inisyativ aktivis kiltirèl Blondy Wolf Leblanc (Gabynho), week-end poétique se yon aktivite kiltirèl k ap òganize Kafou, nan otèl La Shekinah ki chita kò l nan tò 10, a 5è nan apremidi anba tè m: » Lire pour s’engager ». Aktivite liv e an menm tan pou bay lakilti jarèt, envite donè senkyèm soti , nan okazyon premye lane week-end poétique la se ap jounalis e ekriven ayisyen Gary Victor._

« Week-end poétique se yon pwojè k ap fè pwomosyon pou literati ak jenn ekriven nan komin Kafou », li nan yon dokiman ki gen pou wè ak week-end poétique mèt pwojè a ekri, otè liv ki rele Zantray la, Gabynho. » Chak mwa, yon otè ( Powèt, Womansye, Nouvelis, Dramatij) ap vin anime atelye lekti, prezante konferans, rankontre ak jenn nan Kafou nan lide pou fè pwomosyon pou zèv yo, men tou inisye patisipan sa yo nan aktivite literè », kontinye dokiman an.

Week-end poétique kòm pwojè gen yon pakèt objektif e de nan yo se : 1) bay jarèt ak zèv jenn ayisyen yo. 2) Inisye jenn Kafou nan aktivite literè.

Kat premye edisyon Week-end poétique gentan reyalize. Pou sa ki gen pou wè a senkyèm edisyon an, l ap fèt nan jou k ap bay aktivite sila a yon lane, sa vle di vandredi 25 septanm 2021 nan komin Kafou, otèl La Shekinah, a 5è nan apremidi. E seriz sou gato pou premye lane aktivite kiltirèl sa a se ap envite donè a ki se ekriven, jounalis e pwofesè nan Fakilte Syans Moun e non l se Gary Victor.

Franck S. Vaneus, otè zèv « Boulevard des cœurs désunis », se ap moderatè nan ti bat bouch k ap genyen anndan aktivite a e entèvenan an se ap Gary Victor.

Gen yon pakèt liv tankou:  » Masi, Le sang et la Mer, Soro, Dossiers interdits Tome 5″ k ap disponib nan pri 750 goud. E yon lòt kote, gen otè tankou Gary Victor, Franck S. Vaneus, Gabynho, Fleurimond Jean Marc, Serge Amos Badio ak Romy Jean François ap an siyati nan kad evenman kiltirèl sa a. Pou sila yo ki pasyone liv ak literati, se yon aktivite yo pa dwe rate e sitou, l ap gratis.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …