MEN SA KI FÈ CHEVE MEDAM YO AP KASE, TÈT MESYE YO MENM AP CHÒV LA.

Alopesi se yon maladi ki lakoz cheve ap kase ,cheve paka grandi, nou konn remake kek fi sitou avek bò tèt yo kale, gason avek devan tèt yo chòv, anpil moun konn ap plenyen lè yo remake jan de pwoblèm sa yo, paske li fè defo sitou lakay mèdam yo. Ki prensipal faktè ki kapab lakoz maladi sa? Èske alopesi se Yon maladi ki ka trete? Si wi kèk mwayen ki ka ede jwen Yon solisyon?

Gen plizyè faktè ki kapab koze alopesi tankou mal nouri, kò a bezwen vitamin pou li byen fonksyone, nou kapab jwenn vitamin nan kalite manje nou ap konsome yo sitou manje naturel, chak vitamin yo gen wòl pa yo nan bon fonksyonman ogàn yo, lè Yon moun manke vitamin E sa kapab lakoz cheve li ap kase. Dezyèm rezon se strès, daprè rechèch anpil gwo spesylalis nan dèmatoloji se Yon gwo faktè ki kapab lakoz alopesi, li koze anpil gwo maladi tou, pa bliye tout ògan yo gen Yon lyezon antre yo depi youn ap mal fonksyone li fè enpak sou lòt yo tou, si w strese ou pa alèz, ou pap byen nouri ,kèw pa janm kontan se pa etonan pou cheve’w ap kase tou. Twazyèm rezon se fason nap penyen cheve nou, li pa rekomande pou penyen cheve’w twò sere, paske po tèt la sansib anpil, nou dwe pwotejel mwen konnen nou renmen met ti grèf nou, ak alonj men li konseye pou nou pa mete yo trò sere.

Gen plizyè fason nou ka trete alopesi, li enpòtan pou nou konnen ki sa ki a la baz, èske se strès? Èske se karans vitamin, Èske se move tretman nan kwafi nou yo,se sa ki fè li enpòtan lè nou gen pwoblèm cheve ki ap kase, bò tèt kale li konseye pou konsilte Yon dèmatolog, se meyè fason nou jwenn Yon solisyon ak maladi sa ki trè frekan bò kote mèdam yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …