AYITI/ASASINA:  « SA M TE VIV LA SE PA YON BAGAY M TA SWETE PÈSÒN VIV », MARTINE MOÏSE

_Ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse te nan kabinè enstriksyon jounen mèkredi 6 oktòb 2021 an pou l te reponn kesyon jij enstriktè Gary Orelien nan kad ankèt k ap mennen sou asasina lanmò Jovenel Moïse la. » Sa m te viv la se pa yon bagay m ta swete pèsòn viv », deklare madam defen an nan mikwo laprès aprè l te fin reponn kesyon jij enstriktè a._

Martine Moïse, temwen privilejye nan dosye asasina Jovenel Moïse la, fè konnen li pa ta swete pèsòn viv sa li te viv la. » Menm moun ki plis lenmi m nan, m pa ta swete li viv sa m te viv la », deklare ansyen premye dam nan. Odisyon madan defen an te dire ant 3è e 4è de tan. » M reponn tout kesyon yo te poze m ki te pi piti pase 80 kesyon », Martine Moïse.

Madanm Moïse fè konnen li prè pou l kolabore ak Lajistis sou nenpòt dosye, notamman dosye dèmalòg la » Kèlkeswa dosye ki genyen an, m pa genyen anyen pou m repwoche tèt mwen. Kèlkeswa kesyon yo ap poze m m ap vini, m ap reponn kesyon pou ankèt yo ka abouti pou yo kapab jwenn koupab yo », Martine Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …