AYITI POLITIK : ANSYEN SENATÈ LATIBONIT LAN BAY PLIS ESPLIKASYON SOU PLAN SEKIRITE LI GEN POU PEYI A.

Nan yon konferans pou laprès ansyen senatè Youri Latortue bay jounen mèkridi 24 novanm 2021 an nan lide pou founi plis esplikasyon sou plan sekirite li genyen nan dyakout li pou peyi Ayiti.

Ansyen palmantè a fè konnen li chita avèk nouvo chèf polis nasyonal Ayiti (PNH) nan lide poul esplike DG polis la sak nan plan sekirite sa. Ansyen prezidan jistis ak sekirite nan Sena kontinye poum di anndan plan sikirite sa gen ladanl yon inite espesyalize nan zafè envestigasyon ak enfiltrasyon de konba.

Ansyen konseye prezidan Michel Martelly a mande twa (3) mwa poul bay sekirite nan peyi a fas ak volim ensekirite a ap pran nan peyi, selon ansyen senatè a si otorite peyi asepte plan sekirite a nan 3 mwa lap bay bonjan rezilta douvan zak ensekirite a ak kidnapin lan.

Anpil kesyon ap poze èske se kounyea plan sekirite sa moute nan tèt ansyen Prezidan jistis ak sekirite nan Sena Ayisyen an kote li te prezidan jistis ak sekirite li pat regle anyen pou frennen ensekirite ki tap taye banda nan peyi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …