MEN ZEN! PA GEN RAP SAN POZISYON

RAP la se yon mizik ki pran nesans nan peyi Etazini nan mitan mizè, doulè nwa yo tap sibi, kote blan yo te trete kòm enferyè sou baz koulè yo. Blan yo mete yon sistèm ki te mete nwa yo sou kote osnon apa nan tout bagay, sa ki pral lakoz nwa yo soufri anpil menm apre sistèm nan vin tonbe. Se eritaj sistèm toupizi sa, ki pral kale yon ansanm move fenomèn yo makònen ak moun nwa ki pral ponn mizik sa yo rele RAP la. Kidonk, RAP nan nesans li se yon mizik batay, yon mizik angaje, kote chantè yo pran rit ak pwezi yo fè yo bobo pou denonse lenjistis, eksplwatasyon, maspinay, rasis, mizè elatriye.
Men anpil lane pase RAP la pran divès lòt fòm epi rive nan plizyè lòt peyi tou, espesyalman peyi LAFRANS kote nou pral gen yon RAP yo rele « RAP conscience » kote nou pral jwenn kèk rapè tankou MC Solar, Doc Gyneco, Arsenic ak kèk gwoup tankou Supreme NTM, Secteur A elatriye. Yo t ap chante yon RAP pou kritike modèl sosyete loksidan an.

 

Jounen jodi a RAP la denannantize ata nan menm peyi li te pran nesans lan, kounye a se RAP blang blang, yon mizik kap fè reklam pou vyolans, sèks, alkòl, dwòg, lajan, bèl machin, bèl fanm, bèl kay ak tout kalte move bagay. Pandanstan, fòk nou di tou rap Etazini an te rive nan yon gwo nivo nan kòmansman 90 yo ak 2 pi gwo rapè tandans sa pa janm konnen kise Tupac ak Notorious BIG, malerezman yo tou 2 fè vwèl pou peyi san chapo twò bonè. Nou pa anvi di twòp koze sou lanmò yo ki gen anpil bagay kache dèyè yo.

Ann Ayiti Georges Lys Hérard tout moun konnen sou non Master Dji se youn nan premye rapè nou te konnen, pou nou pa di se premye rapè ayisyen epitou youn nan premye dj ayisyen. Se li menm ki pral charye tandans sa nan peyi a, non sèlman li te rapè men li te dansè tou se te yon atis konplè ki te genyen anpil talan. Li te lanse nan kòmansman lane 90 yo Rap kreyòl S.A/Haiti Rap and Ragga. Ansanm ak kèk lòt rapè nan epòk la tankou Supa Dénot, Elyrac, T-Bird, Trésor, Frantzy Jamaican, MC Storm yo te fè anpil gwo « Hit » tankou : Match la rèd, Manmzèl, Conscience noire elatriye. Yo te fè Rap ak raga, mizik rap yo sitou te angaje anpil kote yo tap kritike maspinay lame Dayiti tap fè sou pèp la apre rejim bout di Duvalier yo te fin tonbe.

Apre Haiti Rap and Ragga nou vin pase nan yon lòt jenerasyon Rap nan peyi a ki toujou kenbe yon ti kras menm tandans kritik yo, nou pral jwenn: Original Rap Staff, King posse, Masters, Million Code, Shaka Dreams, Brothers Posse elatriye. Anplis, rapè yo te kòmanse òganize yo an klan oubyen asosyasyon konsa nou te genyen Baz Amò, ASRAP pou site sa yo sèlman. Se te yon peryòd kote jenn sa yo tap fè yon mizik kap pentire sosyete a janl ye a, yo tap fè pase mesaj pozitif pou jenn fanm ak jenn gason ki te pran yo pou modèl. Peryòd sa bay anpil gwo talan tankou: Easy One, Top Tchouko, Jimmy O, Money Honey Mike, BOP, Princess EUD, Black Alex, elatriye.

Apre peryòd sa RAP la te fè yon gwo bese, nou pral jwenn yon remonte nan kòmansman lane 2000 yo ak Barikad Crew ansanm ak Rock-Fam. Lanmò trajik kèk ti mesye nan gwoup Barikad Crew pral pouse anpil moun tande sa yo tap chante sou youn nan pi bon albòm rap Ayiti pa janm konnen ki te rele : « Goumen pou sa w kwè ». konsa Rap kreyòl la repran plas li nan milye mizikal ayisyen an. Men jounen Jodi a ki modèl mesaj yap fè pase nan rap kreyòl la?

Ak teknoloji a kounye a anpil bagay vin pi fasil pou fèt, mizik pa chape nan ansanm bagay sa yo. Yon senp telefòn ka pèmèt ou fè bit, anrejistre, fè videyo elatriye. Sa ki pral bay anpil posiblite pou kreye. Jounen Jodi a nou gen anpil atis nan Rap la ki gen anpil talan ki pwodwi anpil. Nou ka site: Fantom, Baki, Roody Roodboy, Trouble Boy Wendy. Rapè sa yo boure ak talan, men kisa yo fè ak talan sa a? Pou anpil jenn, yo se modèl, kidonk y ap swiv yo. Kisa yo voye kòm imaj bay jenn sa yo ? eske imaj sa yo pozitif ?

Rap la kounye a pandan lap mache a, li pa fè wonn pòt, li vin tounen yon mizik k ap vann sèks, k ap fè pwomosyon pou betiz, pou defilfare fanm ak imoralite menm jan ak rabòday la. Atis yo pa chante anyen serye ladan l pandan yo posede anpil talan ki te ka pèmèt di bon kichòy pou pèmèt moun ki tande yo reflechi, pran konsyans epi chanje konpòtman yo ak move reyalite y ap viv chak jou. San nou p ap rete sou sa n ap di lapawòl gen anpil fòs sou sèvo moun, kidonk mizik la jwe yon gwo wòl nan lavi moun.
Nap viv nan yon peyi kote chak jou solèy la leve epi l antre nan twou san fon. Chomaj, analfabèt gaye tout kote, grangou, timoun kou granmoun ap vann kò yo pou lamanjay, koripsyon ap taye banda nan Leta kou nan prive.

Chak jou jenn fanm kou jenn gason ap kite peyi a pou yal Chili, Brezil, Ajantin kote yo pa konn sa kap tann yo. Rapè yo kite tout sijè sa yo pou yo trete youn pito ap joure lòt, yap joure fanm, chante radòt nan mizik yo kote yon sosyete ki gen 60 % moun ki gen 15 a 25 lane kap koute yo. Nan sans sa nou paka sezi wè sa jenn sa yo ap repwodwi anndan sosyete a, paske modèl yo pa voye bon siyal. Rezilta a se yon jenès ki delala, denannantize, san modèl tout bon, san konsyans, boutofen, yon jenès ki p ap batay, yon jenès ki konprann reyalite l yon jenès san lespwa, yon jenès etranje nan peyi l.

Anndan tout sosyete mizik se yon gwo zouti edikasyon, yon gwo zam pou fè pase lide, antre ideyoloji nan tèt moun. Kisa rapè nou yo deside fè ak zam sa yo gen nan men yo an ? sitou kounye a jenn yo tande rap kreyòl la anpil. Nou panse, rap kreyòl la pa dwe yon mizik imoral, yon mizik kap sal lespri, men pito yon mizik rebèl, kap denonse move gouvènans, move fenomèn k ap anboulatcha sosyete nou an ki anpeche l vanse. Anplis, rapè yo ka itilize zam sa pou voye kilti nou monte, bay sa nou fè ki bon jarèt.
Olye yo rete nan « Beef » san nannan nou panse jenn rapè nou yo ta dwe kole zepòl ansanm, youn chante ak lòt pou voye premye siyal chanjman tout bon mas yo bezwen an. Chante sa ki pozitif pou bay jenn yo yon lòt chimen ki pa chimen delenkans, alkòl, dwòg ak sèks anvan lè. Li pap difisil pou yo fè sa paske talan an la déjà, se yon ti kras konsyans pou yo pran epi n ap wè sa rap kreyòl ka ye tout bon. Jan nou te di l RAP se yon mizik ki soti nan matris batay, nan fon trip rezistans, kidonk pa gen rap san pozisyon.
MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …