AYITI/POLITIK: GWO DESIZYON KÒMANSE PRAN APRE VIZIT SEKRETÈ DETA AMERIKEN AN NAN PEYI A.

Touswit apre chita pale ant sekretè deta ameriken an, Antony Blinken ak plizyè aktè politik nan peyi Dayiti jou ki te 5 septanm 2024 la, anpil gwo desizyon kòmanse pran nan dosye plizyè manm konsèy chak moun fè ti kout la ki enplike nan anpil move zafè (BNC).

Pati politik EDE mande reprezantan yo a nan « konsèy chak moun fè ti kout la », Smith Augustin ki gen non li ap site nan dosye BNC a pou li demisyone, yo mande li sa nan yon lèt tou louvri ki pote dat 6 septanm 2024.

Yon lòt bò « Accord 21 decembre » mande sekretè deta ameriken an pou fè mouche Ariel Henri antre nan peyi Dayiti, selon enfo yo se ta Ariel Henri ke yo ta vle ki pou ranplase Gerard Gilles ki gen non li ap site nan yon pil move zafè. Marjorie Michel enterese ak pòs la.

Pati ki pote non « Pitit Dessalines » nan bò kote pa yo ap fè rezistans nan laprès, pandan antre yo gen plizyè non ki ap site pou ranplase reprezantan yo a Emmanuel vertilaire nan konsèy chak moun fè ti kout la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …