AYITI/ZEN: YON KONSEYE PREZIDANSYÈL OBLIJE PRAN YON WOULIB AVYON POU RANTRE NAN PEYI ETAZINI.

Prezidan « konsèy chak moun fè ti kout la », Edgard Leblanc Fils pa rive kite peyi a apre midi samdi 21 septanm 2024 la jan sa te prevwa a pou li te al patisipe nan 79èm asanble jeneral Nasyon zini an.

Selon enfo nou rive jwenn sa rive akoz gouvènman ameriken an ta fè konnen yo pa an mezi pou ta bay delegasyon ki ap gen nan tèt li Edgard Leblanc Fils la sekirite apre yo fin resevwa ayè vandredi 20 septanm 2024 la yon delegasyon ki gen nan tèt li premye minis defakto a, Garry Conille.

Leslie Voltaire bò kote pa li oblije pran yon woulib nan avyon prezidan peyi Kenya a, William Ruto pou li rantre nan eta New york nan peyi Etazini. Pèsòn poko konnen kisa li al regle pandan se pa li ki prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la. »

Eskè se deja divòs la ant konsèy la ak peyi Etazini?

Dosye a swiv!

 

 

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …