Chèche leson lòt bò dlo, dife lakay : Yon vwayaj ki koute chè pandan pèp la ap peri

Pandan flanm dife kriminèl ap devore plèn nan epi plizyè dizèn fanmi ap dòmi ak syèl ble pou kouvèti, retou Premye Minis de fakto a, Alix Didier Fils-Aimé, kite yon gou anmè nan bouch popilasyon an. Ant vwayaj liksye sou do Trezò Piblik ak yon silans ki parèt tankou mepri, lidèchip peyi a sanble ap pran leson lekòl nan men kominote entènasyonal la, pandan reyalite teren an se yon lanfè total.

Pandan plis pase sèt jou, delegasyon primati a te deplase sou depans Leta, nan sa anpil moun konsidere kòm yon pwomnad san rezilta pou peyi a. Pandan nèg save sa yo ap jwi per diem ak gwo otèl, nan Plèn nan, se san ki ap koule. Gen enfòmasyon ki fè kwè plis pase 90 moun pèdi lavi yo, kay boule, epi grangou ap taye banda nan mitan moun ki deplase yo. Èske vwayaj sa a te nesesè pou yon peyi kote kès Leta vid epi vant pèp la vid tou?

Tout moun remake jan diskou pouvwa a sanble ak yon elèv ki ap resite leson kominote entènasyonal la ba li. Premye Minis la pretann li pral rezoud kriz sekirite a epi òganize eleksyon, men sou teren an, se bandi ki ap dikte lalwa. Sanble sèl enkyetid chèf gouvènman an, se pa sekirite pèp la, men se kenbe fotèy li a toutotan blan an ba li benediksyon.
Dènye rimè ki ap kouri sou entansyon li genyen pou li revoke Direktè Jeneral Lapolis la (PNH) soulve anpil kesyon. Èske se yon fason pou li jwenn yon bouk emisè pou echèk li, oubyen se yon estrateji pou li mete moun pa li nan lide pou kontwole pwochen eleksyon yo?

Yon lòt pwen nwa nan jesyon sa a, se kote kontra yo siyen ak gwoup mèsenè etranje yo pase? Ki wòl moun sa yo ap jwe egzakteman nan peyi a? Popilasyon an poko bliye imaj tèt chaje ki te pase nan Channmas, kote yon mèsenè etranje te bat yon polisye ayisyen epi pran zam li anba je tout moun.

Pandan otorite yo ap pale de sekirite nan kominike, son bal otomatik kontinye ap chante nan zòrèy moun Taba, Latibonit, plèn nan ak plizyè lòt kwen nan peyi a jiska 3 è nan apremidi madi 12 me 2026 la. Si mèsenè la pou sekirite, poukisa se pèp la ki ap kontinye mouri?

Malgre konsèy minis yo òganize vit-e-vit apre vwayaj la, reyalite a rèd: gouvènman an pa gen okenn mo senpati pou viktim yo, okenn plan dijans pou moun ki ap dòmi deyò, epi okenn otorite sou teritwa a. Ant vwayaj koute chè ak pwomès van, Ayisyen yo santi yo livre bay tèt yo, pandan lidè yo ap aji tankou moun ki pa pè pèdi pouvwa yo, toutotan Trezò Piblik la ap kontinye sèvi yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: Sou presyon entènasyonal la Alix Didier Fils-Aimé lage nan Kous pou dekrè elektoral la.

Nan yon chanjman vitès ki siprann anpil moun, Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager