Ansyen jwè seleksyon nasyonal la ak klèb AS Mirebalais a, Jeff Louis, fè konnen lavi l an danje. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, natif natal vil Mirebalais a denonse ak tout fòs li menas lanmò li ap resevwa depi kèk tan, poutèt li angaje li nan yon komisyon ki ap travay pou pèmèt moun ki te deplase yo tounen lakay yo.
Sa fè anviwon 16 mwa depi gwo vyolans ak ensekirite te fòse plizyè santèn fanmi kite komin Mirebalais. Depi lè sa a, dapre sa Jeff Louis rapòte, okenn desizyon serye pa janm pran bò kote otorite yo pou ede popilasyon sa a retounen nan aktivite yo ak nan diyite yo.
Ansyen milye teren an pa te kache kòlè l devan sa li rele yon « konplo » pou bloke tout efò lapè nan zòn nan. Li lonje dwèt sou plizyè aktè nan sosyete sivil la ak kèk otorite lokal ki, selon li menm, opoze ak demach sa a ki ap fèt pou pèmèt moun yo tounen Mirebalais.
Pou kraze repitasyon l ak anpeche l kontinye travay sa a, Jeff Louis deklare yo lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li ta gen relasyon ak gwoup ame ki ap simen terè sivil yo.
« Yo vle fè m tounen sa mwen pa ye pou yo ka jwenn pretès pou yo elimine m, » se sa ansyen jwè a fè konprann nan mesaj li a.
« Si yon bagay rive m, yo konnen se yo »
Devan gwo menas sa yo k ap peze sou do l, Jeff Louis deside pran devan. Li voye yon mesaj klè bay tout moun k ap konplote kont li pou fè l pe. Li deklare li rann responsab dirèkteman tout moun sa yo (nan sosyete sivil la kou nan mitan otorite yo) si ta gen nenpòt tantativ oubyen rasis kòporèl ki ta fèt sou moun pa l.
Sityasyon sa a vin montre yon lòt fwa ankò kijan li difisil pou pèsonalite piblik oubyen sitwayen angaje yo mennen aksyon imanitè ak sosyal nan peyi a san yo pa vize pa moun ki gen lòt enterè kache. Pou kounye a, fanmi moun ki te deplase yo nan Mirebalais ap kontinye soufri, pandan sityasyon sekirite Jeff Louis ap bay anpil enkyetid nan mitan fanatik li ak pwòch li yo.
Echojounal echojounal.net