Se te yon nwit dlo nan je pou sipòtè « Merenng » yo, men yon fèt total pou fanatik foutbòl nan vil Munich ak nan Lond. Jounen mèkredi 15 avril 2026 la make fen vwayaj Real Madrid nan gwo konpetisyon sa a apre yon match tèt chaje ki pral rete nan listwa.
Nan yon match ki te gen tout kalite emosyon, Bayern Munich rive bat Real Madrid (4-3). Malgre Kylian Mbappé ak Arda Güler te fè tout sa yo kapab pou kenbe Madrid vivan (Güler fè 2 gòl), sa pa te ase. Apre yo te fin pèdi (2-1) nan match ale a, Real te oblije genyen, men yo fini ak yon eskò total (6-4) an favè Alman yo.
Match la te baskile nèt nan fen dezyèm mitan an lè Luis Diaz (89yèm minit) ak Michael Olise (nan tan adisyonèl) te sakrifiye espwa madrilèn yo. Real Madrid te menm fini match la ak 10 moun apre Camavinga te pran katon wouj.
Nan lòt match ki te ap jwe a, Arsenal asire kalifikasyon li apre yon match nil (0-0) kont Sporting CP nan Emirates Stadium la. Grasa viktwa (1-0) yo te fè nan match ale a, « Gunners » yo jwenn pasaj yo pou rès avanti a.
Men rezime rezilta yo pou nwit sa a:
Bayern Munich (4-3) Real Madrid (Eskò total: (6-4)
Arsenal (0-0) Sporting CP (Eskò total: (1-0)
Tablo Demi-Final yo Konplè
Apre gwo batay sa yo, nou konnen kounye a ki 4 ekip ki pral goumen pou yon plas nan final la ki ap fèt Budapest:
1. Paris Saint-Germain (PSG) kont Bayern Munich
2. Atletico Madrid kont Arsenal
Se yon gwo kou pou Real Madrid ki te ap chèche yon 16yèm tit, men ane sa a, « Kouwòn » lan pral chanje mèt. Premye match demi-final yo ap kòmanse depi 28 avril 2026 ki ap vini la a.
Echojounal echojounal.net