Ayiti/Eleksyon: KEP bay pati politik yo yon ti souf anplis pou yo anrejistre

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deside pwolonje peryòd anrejistreman pou gwoupman politik yo. Nan yon nòt pou laprès ki pibliye jedi 16 jiyè 2026 la, enstitisyon elektoral la fè konnen pati politik ki legal yo genyen jiska vandredi 31 jiyè 2026 pou yo depoze dosye yo.

Dapre detay ki anndan nòt sa a, desizyon pou ranvwaye dat limit la pran nan lide pou pèmèt plis fòs politik nan peyi a patisipe nan pwosesis la. KEP a vle asire l gen yon patisipasyon pi laj ak pi djanm nan pwochen eleksyon yo.

« Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ap enfòme laprès an jeneral ak pati politik ki rekonèt yo an patikilye, li pran desizyon pou pwolonje dat limit pou anrejistreman gwoupman politik yo, » se sa nou ka li nan kominike a.

Okòmansman, dat limit la te prevwa pi bonè, men plizyè estrikti politik te solisite yon ti tan anplis pou yo te ka rasanble tout pyès yo mande yo epi ranpli fòmalite yo kòmsadwa. Avèk nouvo delè sa a, lidè pati politik yo genyen kounye a de (2) semèn anplis pou yo mete tèt yo an règ devan lalwa.

Biwo KEP a mande tout pati ki enterese yo pou yo pa tann dènye minit pou yo vin depoze dokiman yo nan direksyon ki konsène a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Gwo menas lanmò sou Jeff Louis: Ansyen jwè a leve vwa li pou li denonse konplo kont lavi li.

Ansyen jwè seleksyon nasyonal la ak klèb AS Mirebalais a, Jeff Louis, fè konnen lavi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager