Nan kad yon nouvo pwojè ki pote non « Bouclier des Amériques » (Boukliye Amerik yo), gouvènman Repiblik Dominikèn siyen yon akò enpòtan ak peyi Etazini jounen madi 12 me 2026 la. Dapre antant sa a, Sen Domeng dakò resevwa sou tèritwa li, pou yon ti tan, yon pati nan migran Lamezon Blanch deside mete deyò sou tè ameriken an.
Otorite dominiken yo te prese pote presizyon sou nati akò sa a pou evite nenpòt konfizyon nan popilasyon an. Migran sa yo p ap rete viv nan peyi a. Repiblik Dominikèn ap sèvi sèlman kòm yon pwen tranzit. Sa vle di, migran yo ap rete la pandan yon ti bout tan, jis pou otorite yo gen tan òganize vwayaj pou voye yo tounen nan peyi kote yo soti a.
Pou yon migran ka antre nan pwogram sa a, gen de kondisyon strik:
Li pa dwe gen okenn dosye kriminèl nan men lajistis.
Se Etazini ki ap pran an chaj tout depans lòjistik ak lajan ki nesesè pou resevwa moun sa yo epi voye yo ale.
Yon pwen ki rale atansyon anpil obsèvatè, se lis moun ki pa gen dwa benefisye dispozitif sa a. Gouvènman dominiken an fè konnen byen klè : moun ki gen nasyonalite ayisyen pa ladan li. Menm jan tou, yo p ap aksepte timoun ki pou kont yo (san paran).
Desizyon pou mete Ayisyen deyò nan akò sa a montre jan sitiyasyon migratwa ant de peyi ki pataje zile a rete yon sijè ki sansib anpil pou gouvènman dominiken an.
Pwojè « Bouclier des Amériques » la se yon estrateji Etazini mete sou pye pou jere kriz migratwa a nan rejyon an. Pandan Repiblik Dominikèn ap bay espas pou tranzit la, gouvènman ameriken an bò kote pa li ap bay tout sipò teknik pou operasyon an ka fèt nan lòd ak respè diyite moun.
Pou kounye a, se gwo siveyans bò kote òganizasyon dwa moun yo pou wè ki jan akò sa a pral aplike sou teren an ak ki konsekans sa pral genyen sou mouvman migratwa nan tout Karayib la.
Echojounal echojounal.net