Sitiyasyon an tounen yon vrè lanfè nan zòn nò Site Solèy depi 48 èdtan sa yo. Selon òganizasyon « Konbit pou Lapè ak Devlopman » (CPD Ayiti), lagè san pran souf ant gang rival yo lakòz plis pase 80 moun pèdi lavi yo nan yon ti kout tan.
Sa ki pi rèd la, se pa sèlman bal ki ap touye moun. CPD Ayiti presize gen anpil moun ki mouri anba gwo kriz kadyak ak tansyon ki monte byen wo poutèt gwo bri zam otomatik ki ap pete san rete nan zòn nan. Se yon popilasyon ki anba yon tewò nan nivo moun pa ka imajine.
Depi kòmansman afwonman sa yo, tout aktivite paralize nèt. Kit se lekòl, kit se biznis, kit se sant sante, tout pòt fèmen nan plizyè katye tankou: Aral, lari Germain, Sat 40, Wout Nèf, Blancha, Pyè 6, Fouji, Tè Nwa, Nerèt ak Malo. Moun yo kwense anndan lakay yo, san sekou.
Sitiyasyon an te vin pi grav toujou dimanch 10 me 2026 la, lè yon anplwaye òganizasyon Médecins Sans Frontières (MSF) te resevwa yon bal pèdi pandan li te anndan lopital la menm. Responsab MSF yo di yo pa ka kontinye travay nan kondisyon sa yo kote sekirite ni pasyan yo, ni anplwaye yo pa garanti.
Davina Hayles, ki se chèf misyon MSF nan peyi Dayiti, fè konnen ekip li yo te resevwa plis pase 40 moun ki blese ak bal nan espas 12 èdtan sèlman.
Apre atak sa a, MSF pran desizyon pou evakye lopital li a epi sispann sèvis yo pou yon bout tan. Nan yon kominike ki te soti lendi 11 me 2026, òganizasyon an souke kloch la: Kounye a, pa gen okenn lopital ki ouvè ankò nan tout pati nò Site Solèy.
Se yon gwo rèl dezespwa pou moun nan zòn sa yo ki pa gen okenn kote pou yo ale pou yo jwenn swen, pandan lagè gang yo ap kontinye ravaje sa ki te rete nan komin nan.
Echojounal echojounal.net