‎Kanada/ Jistis: Luck Mervil kondane a 2 lane prizon pou agresyon seksyèl

LaJistis nan peyi Kanada rann vèdik li lendi sa a nan dosye chantè orijin ayisyen an, Luck Mervil. Tribinal la kondane atis la, ki gen 58 lane, a yon penn 2 lane prizon pou yon agresyon seksyèl li te komèt nan vil Rimouski nan mwa jen ane 2000.

‎Jij James Rondeau, ki te ap prezide chita tande a nan Lakou Kebèk la, pa te mete dlo nan bouch li pou li eksplike rezon ki pouse li bay santans sa a. Dapre jij la, zak Luck Mervil te poze yo grav anpil, sitou lè nou konsidere viktim nan te byen di li pa te dakò (mank konsantman).

‎Anplis 2 lane prizon li pral pase dèyè do baro, jij la pase lòd pou:
‎Enskri non Luck Mervil nan rejis delenkan seksyèl yo pou yon peryòd 20 lane.
‎Siveyans strik apre liberasyon li.

‎Youn nan pwen ki te pi lou nan balans lan pandan jijman an, se lefèt ke tribinal la remake akize a pa montre okenn remò pou sa li te fè a. Luck Mervil, yo te deklare koupab depi nan mwa out 2025, kontinye nye tout akizasyon yo nèt ale.

‎Bò pa li, ekip defans chantè a pa vle rete la. Yo fè konnen yo deja kòmanse demach legal pou yo ka fè apèl kont vèdik la, ak espwa yo a ranvèse desizyon tribinal la.

‎Dosye sa a, ki remonte gen plis pase 25 lane, te fè anpil bri nan kominote a ak nan medya yo. Malgre tan an ki pase, temwayaj viktim nan ak prèv yo te rasanble yo te sifi pou konvenk lakou a sou koupabilite ansyen vedèt opera-mizikal Notre-Dame de Paris a.

‎Pou kounye a, Luck Mervil dwe kòmanse purge pèn li pandan avoka li yo ap prepare pou batay nan tribinal apèl la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Kanye West interdit de territoire : Le Wireless Festival s’effondre

C’est un coup de tonnerre pour l’industrie musicale britannique et les milliers de fans qui …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager