Li se yon fanatik mo, yon powèt lari, ak yon vwa ki make istwa rap kreyòl la depi plis pase de deseni. Stevenson Telfort, tout moun konnen sou non Atros, se pa sèlman yon rapè : li se yon reprezantan fidel lakay ak yon obsèvatè sanba sou sosyete ayisyen an.
Fèt 13 jen 1980 nan vil Pòdepè, Atros fè premye pa l nan lekòl Frè Sen Jozèf anvan l te kontinye nan Kolèj Notre Dame de Lourdes ak Lise Horatius Laverture. Menm si l te gen yon gwo pasyon pou mizik depi li te gen 14 lane, li pa te neglije lekòl pou sa. Li etidye syans enfòmatik nan INUKA (2002-2006), li pase nan syans jiridik, epi l vin kontinye nan syans politik nan Inivèsite Quisqueya. Anvan mizik te pran tout tan l, li te menm pase sèt lane ap anseye matyè matematik ak fizik.
Se nan lane 2004 mizik li te pran yon lòt viraj lè l te kreye gwoup RockFam Lame A nan Delmas, ansanm ak frè l Pikan epi lòt konpayon tankou Knaggs, Big Jim ak Fatal. Kòm pi gwo plim gwoup la, Atros ede koud moso tèks ki matche ak reyalite lajenès la. Avèk albòm tankou Saw paka konprann, Yon lòt vizyon, Pa gen pasen, Afichew, ak Demaske (2017), RockFam vin tounen yon lejann nan kilti popilè peyi a.
Men, chimen Atros pa te san ancomb. Li travèse plizyè moman difisil nan lavi l, tankou yon gwo aksidan sikilasyon nan mwa fevriye 2021, ak yon atak ak zam nan zòn Delmas 75 kote li te pran bal nan mitan ensekirite ki ravaje kapital la. Malgre gwo eprèv sa yo, atis la toujou kanpe sou de pye li.
Sou plan pèsonèl, atis la te selebre lanmou li an 2023 lè l te marye ak madanm li, Florma Jacob, nan yon seremoni ki te reyini fanmi, zanmi, ak konpayon l nan RockFam.
Jodi a, Atros rete yon reprezantan enpòtan nan konsyantizasyon sosyal ak kritik politik nan peyi an. Atravè tèks li yo ak kolaborasyon angaje tankou dousè « Kile n ap konprann », li kontinye sèvi ak mikwo l pou l denonse enjistis, kritike move gouvènans, ak pote revandikasyon pèp la anwo.
Echojounal echojounal.net