AYITI/ZEN: DEBLOZAY PI RÈD NAN 79ÈM ASANBLE JENERAL NASYON ZINI ANT CONILLE AK VOLTAIRE.

Gwo deblozay pete nan eta New york apre premye minis defakto a, Garry Conille tante pran kontwòl tout pouvwa yo, selon enfo nou rive jwenn prezidan peyi Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva refize yon rankont ak Leslie Voltaire e li rankontre Garry Conille, enfo yo fè kwè yo menm fè mouche Voltaire konnen li pa gen plas li nan sal la paske se pa li ki prezidan.

Yon bagay ki leve plim sou do Leslie Voltaire, konseye a denonse yon koudeta ke Garry Conille ak anbasadè peyi Dayiti a nan lakou Etazini pou òganize tout rankont prezidansyèl yo ak Conille nan plas prezidan konsèy chak moun fè ti kout la, Edgard Leblanc Fils.

Nan yon deklarasyon Voltaire fè, li anonse anpil tèt pral koupe nan gouvènman an, li ap tann prezidan konsèy la pou kapab deside sou sa ki pase a.

Nou ap fè ou konnen prezidan konsèy chak moun fè ti kout la, Edgard Leblanc Fils ta dwe rantre nan peyi Etazini jodi madi 24 septanm 2024 la pou patisipe nan 79èm asanble jeneral nasyon zini yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …